Rezime Egzekitif ak rapò konplè ankèt sou klima DEI sa a
Chè frè ST, Anplwaye, ak Patnè Misyon yo,
Se pou la gras ak lapè Lespri Sen an avèk nou tout !
Mwen espere Sezon Pak sa a ap kontinye yon tan nouvo lavi pou ou!
Nan kòmansman ane sa a, nou te voye yon sondaj sou klima e nou te envite nou pou nou di sa nou panse sou divèsite, ekite, epi enklizyon. Jan mwen te note nan lèt mwen te entwodwi sondaj sa a, asasina George Floyd sa fè déjà de (2) zan de sa, te raple peyi a ak mond lan byen klè ke peche rasis la kontinye pèsiste. Nou te mete ansanm ak Pap Franzwa epi Evèk Ameriken yo pou nou rekonèt piblikman ke rasis se pa sèlman yon aksyon endividyèl, men tou yon sistèm ki kapab enstitisyonèl, lè yo kenbe pratik oswa tradisyon ki trete sèten gwoup moun yon fason ki enjis.
Nou te eksprime kwayans nou paske nou apresye diyite chak moun epi nou selebre divèsite ki se yon richès nan kongregasyon an ak nan misyon nou yo. Konvèsasyon entèkiltirèl ke nou te etabli pou Sèvant Misyonè yo pandan ane ki sot pase yo te ede nou wè ke pandan nou fyè de divèsite nou, nou bezwen plis kwasans nan konpreyansyon nou ak pratik nou. Se konsa, Patnè Misyon nou yo te etabli yon Komite Divèsite, Ekite, ak Enklizyon (DEE ou DEI nan lang espanyòl ak anglè) nan mwa Out 2020 pou eksplore ki mezi nou te ka pran pou nou edike tèt nou pi byen epi etabli ekite ak enklizyon kote nap viv. Refleksyon, lapriyè, etid, ak dyalòg yo pandan plis pase yon ane te pwodui kreyasyon ankèt sou klima DEI. Se poutèt sa jodi a, mwen ekri nou poum di nou mèsi pou repons nou epi poum pataje avèk nou Rezime Egzekitif ak rapò konplè inisyativ sa a.
Nap jwenn ke rapò a konfime bòn nouvèl la ki fè konnen ke pifò moun santi nap anbrase divèsite rich sa a epi nou santi nou beni. Men, malerezman, se pa tout moun ki pataje opinyon sa a. Se poutèt sa nou ta renmen resevwa plis refleksyon, fidbak, ak dyalòg ki pou ede nou ale yon ti kras pi fon nan konpreyansyon nou sou fason kèk moun ka gen enpak negatif kontrè ak valè ke nou vle mete sou pye.
Nan mwa kap vini yo, nou pral lanse sesyon gwoup konsantrasyon epi nou pral envite tout moun ki vle vin fè youn ak nou pou nou eksplore ki jan ak ki kote nou dwe kontinye grandi. Pandan nap travay pou pwograme sesyon sa yo, tanpri revize rapò a, epi ofri nenpòt lide adisyonèl ak panse nou ka genyen.
Mèsi davans pou patisipasyon w!
Nan Trinite a,
Michael K. Barth, S.T.
Gadyen Jeneral
DEKLARASYON SOU DIVÈSITE
MISYONÈ SÈVITÈ SEN TRINITE
MISYON TRINITÈ
Pou Misyonè Sèvitè Sen Trinite yo & Misyon Trinitè yo, divèsite, ekite, enklizyon se fondman sa nou ye. Byen anrasinen nan Levanjil la, karis nou ak istwa nou, angajman nou rete fèm ak valè sa yo atravè tout ministè nou nan mond lan. Valè sa yo fondamantal pou misyon nou yo ak pou rezilta n’ap tann yo. Nou rete kwè lè nou genyen plizyè pèspektiv ak kilti sa anrichi nou; li reflete valè Jezi yo, li ede nou jwenn pi bon lide pou n rezoud pwoblèm difisil yon mond k ap chanje detanzantan e k ap vin pi divè chak jou.